Yon ZOUTI pou chak bezwen antrepriz ou

Jesyon, livrezon, aprantisaj, finans. ZOUTI fè lojisyèl ki panse pou reyalite Ayiti : senp, solid, an fransè ak an kreyòl.

Ansanm Sistèm Jesyon pou antrepriz ak enstitisyon toupatou an Ayiti

cv.zouti.ht
ZOUTI CV
ZOUTI CVKonstriktè CV dinamik la, ki monte apati yon bibliyotèk fich
Jesyon, livrezon, aprantisaj, finans. ZOUTI fè lojisyèl ki panse pou reyalite Ayiti : senp, solid, an fransè ak an kreyòl.
  • Yon Magazen Lojisyèl ki fèt pou ou

  • Disponib nan 4 lang

  • Baze sou reyalite Lakay nou

  • Sipò 7 jou sou 7

Poukisa ZOUTI ?

Kreye an Ayiti, pou Ayisyen

Yon gran suit fonksyonalite ki lye youn ak lòt ou ka pèsonalize jan ou vle

LOKAL

Adapte ak bezwen reyèl MPME ayisyen yo : lajan an goud, lang kreyòl, fonksyone san entènèt.

PÈFÒMAN

Fonksyonalite rapid, modilè epi ki kapab ajiste selon bezwen pèsonalize chak enstitisyon.

FASIL

Dokimantasyon klè, entèfas entuitif ak lejè, fòmasyon gratis anplis.

SEKIRIZE

Dwa aksè, wòl ak pèmisyon separe, jounal aktivite, rapò ak jounal koneksyon.

KONTWOLAB

Alèt estòk an tan reyèl, suivi kòmann ak livrezon, rapèl dèt pèman.

KOLABORATIF

Anons, done pataje, nòt, aksyon rapid, sistèm kòmantè.

Sektè

Yon ansam ZOUTI ki devlope pou ede w ak tout bezwen w yo

Yon sèl bazdone pou tout platfòm, aplikasyon ak fonksyonalite w ap itilize yo

Tout kalite biznis ak komès

Vant, estòk, kliyan, founisè, kontablite ak rapò. Tout branch enstitisyon an entèkonekte.

Lopital, Klinik ak Famasi

Dosye pasyan, konsiltasyon, entènman, famasi, laboratwa, fakti ak lòt.

Lekòl, Inivèsite ak Sant Fòmasyon

Enskripsyon, klas, prezans, nòt, bilten, ekolaj, elt.

Mikwofinans ak Mityèl Solidarite

Dosye kredi, echeansye, ranbousman, pwovizyon, elt.

Pwofesyonèl k ap bati karyè

Yon bibliyotèk fich, eksperyans, diplòm, konpetans, elt. ak plis pase 10 modèl.

Transfè Lajan

Transfè lajan sou ZELLE, ak lòt. Bazdone ekspeditè ak benefisyè.

Livrezon Koli

Estati koli yo nan antrepo aletranje, nan wout ak Ayiti. Kalkil otomatik tarif yo.

PWOSESIS LA

Sòti nan kreyasyon kont rive nan itilizasyon estab sistèm nan

  1. 1

    Kreyasyon kont

    Yon sèl kont ZOUTI k ap bay ou aksè ak tout magazen lojisyèl nou yo.

  2. 2

    Chwazi ZOUTI ou yo

    Chwazi lojisyèl ak modil ki kadre ak aktivite ou, sou aparèy ou bezwen l yo.

  3. 3

    Aktive plan ou

    Pran yon abònman w ap peye chak mwa oswa yon sèl kou chak ane.

  4. 4

    Enstalasyon ak fòmasyon

    Enstalasyon, transfè done ou yo, fòmasyon itilizatè ou yo ak akonpayman long dire.

Pri

Senk plan, yon sèl abònman mansyèl

Menm senk plan yo pou chak lojisyèl, depi sa ki pi senp lan rive sou mezi. Pri egzak la sou paj chak lojisyèl.

MICRO

Baz yo pou kòmanse

Fonksyonalite debaz lojisyèl la, pou w enstale epi travay depi premye jou a san konplike anyen.

  • Fonksyon esansyèl lojisyèl la
  • Pou yon ti ekip ak yon sèl sit
  • Mache menm san entènèt
  • Èd pa WhatsApp ak imèl
Wè lojisyèl yo
Sa moun pi chwazi

SMALL

Pou grandi

Fonksyonalite entèmedyè yo : plis moun sou lojisyèl la, dwa aksè pa wòl ak rapò pou konprann aktivite w.

  • Tout sa MICRO genyen
  • Plis itilizatè ak plis sit
  • Dwa aksè pa wòl
  • Rapò ak fòmasyon pou kòmanse
Wè lojisyèl yo

MEDIUM

Fonksyon avanse

Fonksyonalite avanse yo pou plizyè ekip : modil anplis selon lojisyèl la, tras chak aksyon, enpòte ak ekspòte done.

  • Tout sa SMALL genyen
  • Modil avanse selon lojisyèl la
  • Jounal aktivite, enpòte ak ekspòte
  • Sipò priyoritè
Wè lojisyèl yo

FULL

Tout bagay enkli

Lojisyèl la konplè, san limit sit, ak tout sa yon gwo òganizasyon bezwen.

  • Tout sa MEDIUM genyen
  • Tout modil lojisyèl la
  • API ak sovgad chak èdtan
  • Yon moun ki reskonsab kont ou
Wè lojisyèl yo

Ou pare pou fè antrepriz/enstitisyon ou avanse ?

Kreye kont ou gratis epi kòmanse itilize sistèm ZOUTI yo nan kèk minit.