Kondisyon itilizasyon

Règ pou sèvi ak lojisyèl ak sèvis ZOUTI yo : kont, abònman, peman, responsablite.

Mizajou 28 sept. 2026

1. Kiyès ki pibliye sit sa a

zouti.ht se ZOUTI S.A. ki pibliye l, yon sosyete ayisyen ki chita Okap, Ayiti.

Kontak : [email protected] · (+509) 36 92 4292 · (+509) 32 69 4343.

2. Sa kondisyon sa yo kouvri

Yo gouvène aksè nan sit zouti.ht, nan magazen lojisyèl la, ak nan sèvis ki mare ak li yo : telechajman, lisans, abònman, dokimantasyon ak sipò. Lè ou kreye yon kont, ou telechaje yon lojisyèl oswa ou pran yon òf, sa vle di ou dakò ak yo.

3. Kont lan

Kont lan gratis. Li mande yon non, yon adrès imèl, yon telefòn, yon vil ak non antrepriz la — dènye a paske se li ki bay bazdone boutik la non li.

Se ou ki reskonsab enfòmasyon sa yo epi ki pou kenbe modpas ou an sekrè. Yon kont se pou yon antrepriz ; pataje menm kont lan ant plizyè antrepriz pa otorize.

4. Kle boutik la

Lè ou enskri, ZOUTI louvri yon bazdone ki rezève pou antrepriz ou epi li remèt ou yon kle ki gen fòm boutik.modpas. Ou antre l yon sèl fwa, sou chak pòs ou.

Kle sa a se yon sekrè : se li ki louvri done ou yo. Pa pibliye l, pa voye l nan yon mesaj ki ap trennen. ZOUTI pa ka remèt ou li — sèvè a kenbe sèlman yon anprent, li pa janm kenbe kle a li menm. Si li pèdi, nou tire yon lòt epi fòk ou antre l sou pòs yo ankò.

5. Lisans, òf ak dire

Lojisyèl ZOUTI yo bay sou lisans, yo pa vann. Yon lisans mare ak yon kont ak yon òf ki an kou.

Abònman an se chak mwa, ou peye l an goud. Òf yo — MICRO, SMALL, MEDIUM, FULL ak CUSTOM — diferan selon konbyen sistèm, konbyen itilizatè ak konbyen pwen yo kouvri. Ou chanje gwosè nenpòt mwa, monte oswa desann ; ajisteman an fèt sou bòdwo mwa k ap vini an. Pa gen okenn angajman sou dire : ou kanpe lè ou vle, epi mwa ki kòmanse a rete dwe.

6. Peman

Nou aksepte MonCash, NatCash, viman bankè lokal ak lajan kach nan biwo nou an Okap. Nou bay yon resi pou chak peman.

Si ou pa peye, aksè nan modil yo sispann apre yon avètisman alekri kenz (15) jou davans. Men done ou yo pa efase pou otan : gade atik 11 lan.

7. Sa ou angaje w pou w pa fè

Pa dekonpile, pa dezasanble epi pa modifye lojisyèl yo ; pa revann, pa lwe, pa redistribye yo san yon akò alekri ; pa sèvi ak yo pou yon aktivite ilegal ; pa eseye antre nan done ki pa pou ou.

Nenpòt tantativ pou fòse sistèm ZOUTI yo fè kont lan sispann lamenm, san sa pa anpeche swit jidisyè.

8. Demonstrasyon an

Enstans demo yo (pgi, sms, hms ak cv .zouti.ht) louvri pou tout moun ak yon aksè piblik. Done yo efase san avètisman depi sèvè a twò chaje. Pa mete okenn vrè enfòmasyon ladan yo : ni kliyan, ni pasyan, ni elèv, ni pyès kontab.

9. Disponiblite ak sipò

N ap vize yon sèvis ki toujou disponib san nou pa garanti l : entènèt, kouran ak ebèjman pa tout depann de nou. Koupi ki pwograme yo anonse davans lè sa posib.

Lojisyèl ou yo mache san entènèt epi yo senkronize lè koneksyon an tounen : yon koupi pa kanpe aktivite ou. Sipò a fèt pa WhatsApp ak pa imèl, epi òf MEDIUM ak pi wo yo louvri yon delè repons ki angaje nou.

10. Pwopriyete entelektyèl

Lojisyèl yo, kòd la, mak yo, maket yo ak dokimantasyon an se pou ZOUTI S.A. Lisans lan ba ou dwa sèvi, li pa ba ou dwa posede.

Done ou yo se pou ou. ZOUTI ebèje yo ; li pa revann yo, li pa fè kòmès ak yo epi li pa sèvi ak yo pou antrene anyen.

11. Lè abònman an fini

Lè yon abònman kanpe, kèlkeswa rezon an, aksè nan modil yo sispann men done ou yo rete disponib pou ekspòtasyon pandan katrevendis (90) jou. Apre delè sa a, yo ka efase nèt.

Ou ka ekspòte done ou nenpòt lè, san ou pa tann lafen.

12. Responsablite

ZOUTI reponn pou sa li menm li te angaje pou li fè. Li pa reponn pou pèt ki soti nan yon done ou antre mal, nan yon kle ou pa byen kenbe, nan yon pòs ou pa sovgade, oswa nan yon kòz deyò — koupi rezo, koupi kouran, sinistr.

Nan tout ka, reparasyon ZOUTI dwe a pa depase lajan li resevwa pou douz (12) dènye mwa abònman yo.

13. Sispansyon ak rezilyasyon

ZOUTI ka sispann yon kont si gen dèt, si gen yon itilizasyon ilegal oswa yon tantativ pou fòse sistèm nan. Eksepte nan ka ijan, sispansyon an vini apre yon avètisman alekri.

Ou menm, ou ka rezilye nenpòt lè depi nan espas kliyan ou oswa lè ou ekri nou.

14. Chanjman nan kondisyon sa yo

Kondisyon sa yo ka chanje. Tout chanjman pibliye sou paj sa a ak dat li, epi nou anonse l pa imèl bay kont ki aktif yo omwen trant (30) jou anvan li aplike sou abònman ki an kou yo.

15. Lwa ki aplike

Kondisyon sa yo anba lwa ayisyen. Si nou pa antann nou alamyab, se tribinal Okap yo ki konpetan.

16. Ekri nou

ZOUTI S.A. — Okap, Ayiti · [email protected] · (+509) 36 92 4292